Lèt Solidarite ak Pèp Ayisyen
Òganizasyon sosyal ak popilè*
Sou paj MST
Nou menm, La Via Campesina, Kowòdinasyon Latinoameriken nan Òganizasyon peyizan yo ( CLOC), Union Comunera (Venezwela) , Movimiento Sin Tierra – MST (Brezil) , Fédération Kafeyè nan rejyon sid yo (Repiblik Dominikèn), Konfederasyon Peyizan (Lafrans), Kay Tecmilco (Mekisik), Kóm mouvman sosyal solidè ak pèp ayisyen an, nou reyini nan kongrè Mouvman Peyizan Papay (MPP), nan kad selebrasyon 50 anivése òganizasyon peyizan sa a. Nou gen konviksyon solid,fas a kriz pep ayisyen an ap travese yo, solisyon yo dwe soti depi nan baz nou ki se atravé mouvman sosyal yo. Nou sipòte souverènte pèp Ayisyen an e nou admirel tou paske lit ke yo antreprann yo ap mennen yo nan yon veritab chanjman ak rezistans.
An 2019, te genyen an Ayiti Fowòm Patriotik la, kote te soti nan Akò 30 dawout (yo rele li tou Akò Montana tou). Akò sa a pèmèt òganizasyon yo nan peyi a fè yon pwopozisyon pou yon tranziyon demokratik, patisipativ ak protagonik nan mitan pèp la epi pou pèp la. Akò a gen yon ajanda byen klè pou fè fas ak kriz kounye a: “Yon solisyon ayisyen pou kriz Ayiti a”, san patisipasyon pouvwa koronpi aktyél yo ak mèt k ap pouse vyolans sosyal, politik ak ekonomik.
Se bon pou note ke Ayiti se premye peyi nan Amerik Latin lan ki rive jwenn endepandans li epi kontribye nan liberasyon pèp yo nan peryód kolonyal la, epi tou se premye peyi ki rive aboli esklavaj epi deklare libéte pou tout moun. Batay kolektif ke yo tap mennen yo te demontre tenasite pèp ayisyen an genyen pou fé fas ak difikilte yo. Jodiya, lit k ap mennen yo se, kontinyite travay òganizasyon baz yo ap fè tankou MPP, Tet Kolé, MPNKP, ak lòt yo, fòmasyon teknik ak politik, alyans ak kominote peyizan nan nivo mondyal, pouvwa ak otonomi fanm yo, montre kapasite pèp la ak sa yo te reyalize nan istwa yo.
Politik Leta kont peyizan yo, ensekirite ak vyolans sou fanm yo, dappiyanp sou tè yo, absans aksè ak sèvis sosyal fondamantal ak enjerans entènasyonal ki sipòte pa gouvènman fachis anti pèp yo se ansanm pwoblem sa yo ke oganizasyon sa yo rive idantifye pandan kongrè sa. Menm òganizasyon sa yo mete aksan sou ansanm aksyon ki dwe fet pou gen bon jan refòm agrè entegral, yon plan agrikòl adapte ak reyalite peyi Dayiti , feminis peyizan ak popilè, agroekoloji peyizan, valorize kilti zansèt nou yo( endijén ak nwa) , souverènte alimantè, dwa peyizan yo, solidarite entènasyonal ak autodetèminasyon pèp la pou depase kriz politik, demokratik, sosyal, ekonomik ak anviwònmantal la.
Nou kondane ak anpil fòs tout menas entevansyon militè ke “core group” ki sòti nan ambasad yo tankou Etazini, Lafrans, Kanada, inyon ewopeyèn, ak BINUH nan Ayiti. Entevansyon ki te pase yo te degrade plis kondisyon lavi pèp ayisyen an. Se pou sa, yon lot fwa nou kondane kategorikman tout fóm ekplwatasyon politik, ekonomik ak sosyal kriz la nan avantaj enterè kapitalis yo. Nou angaje tèt nou pou kontinye sipòte pèp ayisyen an nan tout revandikasyon ke y ap fè.
Viv pèp ayisyen an ak òganizasyon peyizan yo!
*Nou menm, La Via Campesina, Kowòdinasyon Latinoameriken nan Òganizasyon peyizan yo ( CLOC), Union Comunera (Venezwela) , Movimiento Sin Tierra – MST (Brezil) , Fédération Kafeyè nan rejyon sid yo (Repiblik Dominikèn), Konfederasyon Peyizan (Lafrans), Kay Tecmilco (Mekisik)
**Edisyon Erica Vanzin ak Ricardo Cabano.